|
KI MOUN NOU YE
Misyon nou
Norwalk Education Foundation se yon òganizasyon endepandan, ki pa la pou fè lajan e ki gen yon angajman pou l bay bonjan edikasyon piblik pou tout timoun Norwalk yo.
Nou fè chanjman pozitif paske nou mete anplas pwogram e nou mobilize fon pou n kapab genyen yon ansèyman ki pote nouvote nan salklas yo, paske nou ofri fòmasyon nan teknoloji e fòmasyon pou pwofesè yo avèk yon pakèt lòt opòtinite pou aprann apre lè lekòl yo.
Sa nou kwè ladan yo
Nou panse chak timoun gen dwa pou l jwenn yon ansèyman piblik kote gen ekselans.
Nou panse yon ansèyman piblik ki ta vle gen ekselans mache ansanm ak yon kominote ki byen enfòme e ki bay sipò li, avèk pwofesè ki gen sansibilite pou timoun yo e ki konpetan, avèk yon anviwònman kote yo ede w e yo reponn bezwen w, e li mache avèk finansman ki nesesè pou atenn objektif yo fikse pou edikasyon yo.
"How Good Schools Can Happen" --- Adobe PDF
Estrateji nou
Nou bay inovasyon jarèt paske nou idantifye e nou devlope pwogram ki amelyore ansèyman an.
Nou fè pwomosyon yon edikasyon piblik ki siperyè lè nou mete anplas pwogram ki pèmèt pwofesè yo fè pwogrè nan kreyativite yo nan saldeklas yo e pou fòme yo pi byen nan domèn teknoloji.
Nou ofri elèv yo pwogram nan teknoloji, lekti ak lòt pwogram pèfeksyonnman. Nou kolabore tou ak lòt gwoup kominotè pou amelyore ansèyman piblik e nou sèvi kòm zanmi ki gen sans kritik pou sistèm lekòl leta Norwalk Public School lan.
PWOGRAM YO
Teknoloji
Enstiti pou fòmasyon pwofesè nan teknoloji Teacher Technology Training Institute (TTTI)
Rechèch yo pwouve faktè ki pi enpòtan pou jwenn bonjan ansèyman nan kèlkeswa klas la se kalite pwofesè a posede.
NEF kwè lè li ofri devlopman pwofesyonèl ba 1 000 pwofesè ak lidè lekòl nou yo, li kapab gen yon enpak pozitif sou kalite ansèyman nou bay 11 000 elèv distrik nou an.
Yo te kreye TTTI nan lane 1999 pou ede pwofesè yo entegre teknoloji nan kourikòlòm yo. Depi lè a TTTI ofri plis pase 1 000 èdtan fòmasyon solid ba plis pase 700 pwofesè ak manm pèsonèl distrik la.
TTTI kolabore anpil ak moun ki devlope kourikòlòm e klas TTTI yo fèt yon jan pou yo kapab ranfòse modèl y ap entegre nan tout Norwalk annakò ak refòm kourikòlòm Superintendent Doktè Sal Corda mete anplas la.
Yo ofri kou ak atelye pandan tout ane a gratis, avèk kredi CEU, pou pèsonèl ki sètifye ak sa ki pa sètifye nan pwogram tankou Microsoft Office, Web Design, Digital Imaging, Email and Internet Safety ak lòt ankò.
Men kèk nan kou yo ofri kounye a:
- Yon kou entwodiksyon 20 èdtan pou pwofesè ak lidè eskolè ki pa konn teknoloji byen
- Kou sou Web Design
- Kou an twa pati sou Kijan pou w sèvi ak Excel nan saldeklas la
- Kou an senk pati sou Kijan pou w sèvi ak PowerPoint anndan saldeklas la
- Kijan pou w sèvi ak Templates Microsoft Office
- Kijan pou w sèvi ak fòm nan Microsoft Word
Klike la a sou: Orè Norwalk TTTI – pou w kapab wè dènye kou nou ofri yo
TechSmart Girls
|
TechSmart Girls se yon pwogram yo te kreye nan lane 2006 nan Norwalk High School pou ede elèv fi yo okouran dènye kalite teknoloji ki egziste e pou fè yo konnen ki karyè ki kapab genyen nan domèn sa a k ap devlope epi inove toutan.
Nou ka wè yon pati nan klas la la a, soti agòch ale adwat: Katrina Diaz, sè li Valeska, Kate Torbisco ak Tanika Haase, epi sa ki kanpe yo, agòch, Paula Palermo, manadjè pwogram teknoloji NEF la, ak Vivian Lasko, pwofesè teknoloji nan biznis nan NHS e ki manm tou Fanm nan teknoloji [Women in Technology].
|
|
Objektif pwogram lan se sansibilize, ankouraje epi bay fi yo plis kapasite. Istorikman, domèn teknoloji a pa te tèlman atire fi e se plis gason ki te okipe sa, kifè pwojè sa a la pou korije diferans sa a.
Seri boza dijital apre lekòl [Digital Art After School Series]
Pwogram pèfeksyonnman apre lè lekòl yo rele Digital Suite la se pou elèv middle school ak lekòl segondè, ki gen ladan l tou:
|
 |
Garageband
NEF bay tout 4 middle school yo enstriman ak klavye ak lòt ekipman odyo yo bezwen pou ofri GarageBand ba elèv yo.
GarageBand se yon pwogram enfòmatik ki pèmèt elèv yo kreye moso mizik sou yon konmpitè Apple Macintosh.
NEF ofri GarageBand kòm pwogram apre lè lekòl yo.
(Tande kèk mizik elèv yo fè)
|
Fotografi Dijital
NEF ofri elèv yo yon kou 6 semenn fotografi dijital apre lè lekòl pou yo kapab eksplore imaj nan lavi toulejou yo atravè fotografi.
Nan fen kou a, yo òganize yon ekspozisyon pou fanmi ak zanmi.
|
 |
Bous Ekselans
Bous pou ekselans nan lekòl
Chak ane NEF bay jiska $20 000 pou demann nan tout kalite domèn ki fè pwomosyon kalite, kreyativite, kolaborasyon ant diferan klas, nivo ak kilti, patenarya ak paran ak kominote a, ki annakò ak objektif kourikòlòm lan, ki ofri plis opòtinite e ki amelyore pèfòmans, ki gen yon pwosesis klè evalyasyon, ki vize dirabilite alontèm, e ki gen posibilite pou yo repwodwi yo nan lòt lekòl ak lòt kritè toujou.
Kijan Bous pou ekselans nan lekòl afekte pwofesè ak elèv
Pwojè: The Shape of Me, Brien McMahon High School
"Pwogram bous pou pwofesè yo ankouraje pwofesè yo pou yomenm ak elèv yo fè efò nan saldeklas yo.
Kourikòlòm mwen vin anrichi anpil ak tout bous mwen resevwa yo. Si mwen konnen mwen ka reve yon bèl lide – epi mwen ka reyalize l, sa ekstrawòdinè – sa tèlman ankouraje m.
Mwen konnen lòt pwofesè yo santi sa tou – se poutèt sa gen tèlman moun ki patisipe."
--- Pwofesè, Louise Flax
"Lè nou te fèk parèt nan The Marvin (yon mezon retrèt pou granmoun) nou te panse nou t ap jwenn yon pakèt vye granmoun akaryat ki pa te vle fè lòt bagay apa jwe bengo epi gade istwa damou nan televizyon.
Toutfwa, apre nou fin rankontre June, Grace ak Marion, nou chanje lide nèt sou granmoun sa yo. Apre nou fin entèvyouve moun sa yo, nou vin wè anpil granmoun chaje enèji toujou epi yo kontan e yo pran plezi yo menm jan ak lè yo te jèn.
June ak Grace te konn bay blag pi byen pase tout moun epi jan Marian te angaje nan gouvènman lokal la se te yon bèl bagay pou moun wè.
Lè nou soti nan The Marvin, youn gade lòt e nou pa te ka di anyen. Nou te vreman sezi pou n wè jan moun ki ta ap viv nan The Marvin te anfòm e se de moun apa.
Sèl bagay nou regrèt nan deplasman nou te fè ale nan The Marvin se tan nou pa te genyen pou nou entèvyouve plis moun pou nou te kapab aprann plis toujou sou jan yo viv tou."
--- Elèv, Paul Hammer ak Sean O’Neill
Apre lekòl
Pwogram pèfòmans apre lekòl [After School Achievement Program] (ASAP)
ASAP te demare nan lane 2004 e se yon patenarya ant 11 lekòl elemantè yo ak ajans kominotè lokal yo.
Ajans sa yo bay sèvis anvan lekòl ouvè epi apre jounen lekòl la pou yon ti kòb piti e yo bay sipò akademik yo rele Power Hour la gratis (gras a finansman diferan moun).
Se pwofesè ak lòt moun ki sètifye pou yo fè lekòl ki anndan sistèm eskolè a ki fè kou lekti ak ekriti e ki sèvi ak pwogram pou lekti ak ekriti yo rele AfterSchool Kidzlit®.

Pwogram sa a chita sou dènye rechèch yo fè nan domèn lan pou amelyore pèfòmans elèv yo nan lekti. AfterSchool KidzLit® fèt presizeman pou anviwònman apre lekòl la pou l kapab ede timoun yo vin pi fò nan lekti e pou yo apresye sa.
Aktivite prensipal la se lekti, men pwogram lan - ki gen ladan l materyèl milti-kiltirèl pou lekti, diskisyon ak lòt aktivite tou ki anrapò ak sa - ede jèn yo tou pou yo vin pi byen konprann tèt yo ak lòt moun, pou yo devlope ladrès nan travay annekip epi pou yo devlope konesans yo ak angajman yo parapò a valè ki kenbe demokrasi nou an – tankou antrèd, jistis, responsabilite pèsonèl ak respè pou lòt moun.
NEF te patisipe nan konsepsyon ak finansman ASAP la e li jere kesyon devlopman pwofesyonèl pwofesè yo ak pèsonèl ki travay anndan pwogram lan.
Kantite timoun ki benefisye pwogram lan: Plis pase 725
Evalyasyon: Yo evalye pwogram lan ak pèsonèl lan de fwa pa ane e se elèv, pwofesè ak paran ki fè l.
Lekòl elemantè ki patisipe ladan l: Brookside, Columbus, Cranbury, Fox Run, Jefferson, Kendall, Marvin, Rowayton, Silvermine, Tracey, ak Wolfpit.
Middle School After School - Middle School in Action
Tout kalite elèv retounen nan middle school Roton ak Ponus Ridge nan samdi maten e nan West Rocks nan jou lasemenn nan apremidi pou yo ka jwenn sipò akademik ak pèfeksyonman, sesyon ki pou ede yo jwenn ladrès nan lavi yo ak tan siplemantè nan teknoloji. Middle School After School gratis pou tout fanmi.
Kantite timoun ki benefisye pwogram lan: Plis pase 120
Evalyasyon: Yo evalye nòt, prezans ak konesans pou chak elèv pandan tout ane a. Yo mande elèv yo avi yo nan kad evalyasyon an.
Middle School University
MSU se yon pwogram pou elèv middle school ki fèt nan Norwalk Community College.
Elèv yo chwazi sijè yo e yo angaje nan edikasyon pa yo paske gen kou ki amizan e ki serye tankou Kreye pwòp jwèt videyo w, Aprann fè fim, Fè manje ak Komedi.
MSU ede elèv yo fè lyen ant reyisit yo nan lekòl jodi a ak reyisit yo alavni antanke granmoun nan etidye sijè ki dinamik, ki gen sans e se pwofesè ki motive yo ki prezan.
Katite timoun ki benefisye pwogram lan: 100
Evalyasyon: Yo swiv devlopman chak timoun avèk diferan metòd evalyasyon nan domèn akademik, sosyal/emosyonèl (lidèchip) ak konpozant nan devlopman karaktè l.
Metòd evalyasyon yo gen ladan yo pwojè elèv yo, nòt, prezans, nòt sou metriz konesans yo, obsèvasyon pwofesè yo, jounal refleksyon sou tèt yo oubyen kesyon ak ankèt aloral pou elèv, pwofesè ak paran yo.
|
| Jwèt videyo |
Komedi |
 |
 |
|
|
 |
 |
| Fè manje |
Aprann fè fim |
|
PWOGRAM PATENARYA
|
The Norwalk Afterschool Alliance (NASA)
http://www.norwalkct.org/boeafterschool
Norwalk Education Foundation se yon manm aktif Norwalk AfterSchool Alliance, yon gwoup ki gen 50 manm k ap travay sou kesyon kantite ak kalite opòtinite pou itilize tan apre lekòl la nan Norwalk.
|
|
|
Norwalk ASA reflechi sistematikman sou kesyon dirabilite, li founi fòmasyon santralize e li chache opòtinite pou pataje resous yo ant diferan pwogram yo.
Kantite timoun ki benefisye pwogram lan: Plis pase 2,000
Evalyasyon: NASA swiv kantite manm ki renouvle angajman yo ak prezans nan reyinyon yo. Anplis, NASA distribiye evalyasyon estanda sou pwogram yo ba manm li yo pou yo kapab fè pwòp evalyasyon entèn yo e pote amelyorasyon.
Tutor.com – Èd pou devwa lakay nan entènèt
Plis pase 3,500 elèv vizite sit èd an dirèk gratis pou devwa lakay sa a depi li kòmanse fonksyone nan Norwalk nan lane 2004.
Gen titè ki la an dirèk e GRATIS pou tout elèv soti 4yèm rive 12yèm ane nan Norwalk.
Li disponib chak jou soti 3è pm rive 8è pm. Pwofesè nan Matematik, Angle, Syans sosyal ak Syans disponib.
Sa w fè senpleman se ale nan www.norwalkpubliclibrary.org, klike sou "live homework help" epi antre nivo klas ou ye a ak sijè ou bezwen èd ladan l lan epi y ap konekte w ak yon pwofesè konpetan.
Yo bay leson nan Angle ak Panyòl soti 3è pm rive 8è pm chak jou.

"Mwen te kole nan devwa lakay mwen epi mwen kòmanse panike, men mwen vin sonje yon zanmi m ki te pale m de èd pou fè devwa lakay…. Konsa mwen ale nan tutor.com epi mwen jwenn koutmen nan men yon madanm byen janti ki ede m e mwen pa te enkyete ankò."
--- Yon elèv ki ale sou sit la.
Kantite timoun ki benefisye pwogram lan: 300 - 400 pa mwa. Plis pase 3 500 rive jodi a.
Evalyasyon: Èd Online homework help swiv chak leson, yo note sijè a san non pa site, laj elèv la ak lè sesyon an fèt. Chak fwa yon sesyon fini, yo mande elèv la ranpli yon ti ankèt. NEF resevwa rapò sou itilizasyon ak kalite pwogram lan regilyèman.
Norwalk ap li
www.norwalkreads.org
Norwalk Reads! se yon pwogram lekti ak ekriti pou tout elèv Norwalk yo ki apiye an pati pa NEF e ki jere pa Norwalk Housing Authority.

Li gen ladan l pwogram pou li awotvwa apre lekòl, li ak paran ak elèv ak vizit entèyaktif otè liv.
Yo distribye liv nèf ak izaje gratis tanzantan pandan ane a nan kote ki piblik oswa prive nan vil la, ki vle di tou nan sant aprantisaj apre lekòl Norwalk Housing Authority yo.
Distribisyon liv sa yo pèmèt timoun yo jwenn liv gratis!
Òganizasyon patnè NEF yo:
Greater Norwalk Chamber of Commerce
Norwalk Public Schools
Norwalk PTO Council
Norwalk Community College
|
 |
 |
|
|